GROUPE CRONOPSE:
Yo koòdone fèt kominote-a, sitou nan chèche mwayen ekonomik pou kominote-a toujou prè pou fete nan dènye Dimanch mwa Septanb. Yo konn ede tou, lè yon manb Legliz la genyen ti pwoblèm ekonomik. Yo toujou ede tou lè yon Pè, yon relijye ou byen yon moun ki vi-n vizite nou.
GROUP LA SAINTE FAMILLE:
Yo reyini chak dimanch aprè mès nan Ministry Center. Yo fè lapriyè kay yon fanmi chak mèkredi a 7:00 p.m. group sa-a reyini tou lè vandredi pou yo lapriyè ak planifye pwogram yap genyen.
GROUPE MEJ:
Yo reyini chak dimanch aprè mès nan Ministry Center. Yo kapab chante nan la mès chak fwa Pè-a mande yo sa. Yo reyini tou lè Samdi nan menm plas pou yo prepare pwojè ak aktivite yap genyen pou yo fè.
GROUPE COMPAGONS DE ST. PIERRE:
Yo reyini chak dimanch aprè mès nan Ministry Center. Yo kapab chante nan la mès chak fwa Pè-a mande yo sa.
CHORALE COMMUNAUTAIRE “RALI”:
Se yon koral ki reprezante tout group ak lot koral nan kominote-a. Koral sa-a responsab pou-l anime fèt kominote-a chak ane ak lòt fèt solanèl.
GROUPE PEPINIERE:
Se yon group timoun ak adolesan ki gen yon pwogram separe. Nou gen moun ki prepare pou sa, pou fè fomasyon avèk yo. Nou fè refleksyon pou yo nan Mès la an anglè/kreyol (Nan chapèl la). Aprè Mès la pwogram nan kontinye nan Ministry Center at.
CHOEUR D’HOMME PELERIN DE ST PIERRE:
Se yon koral ki chante 4 fwa pou ane-a. Yo fete anivèsè yo chak ane nan fèt “PANNKOT”. Premye anivèsè yo se te: 15 Me 2016. Yo reyini chak 1er Dimanch ak lòt dimanch ekstraòdinè, 2nd floor Music Room.
GROUPE DANS:
Yo reyini chak Dimanch aprè lamès na Ministry Center.
CHEVALIER COLON:
Se yon group gason sèlman ki travay an kolaborasyon ak Pè-a. Group sa-a la tou pou-l mete disipli-n pandan selebrasyon yo ak lòt moman Pè-a bezwen sèvis yo. Yo te pran premye grad yo le 11 Desanb 2016. Yo reyini chak 2è Dimanch nan Ministry Center: Room # 201.
GROUPE CŒURS-UNIS:
Se kèk jèn fi ki te pran inisyativ pou yo fòme yon group spirityèl pou sèvi Legliz la. Yo fè premye parèt yo nan yon mès aksyon de gras jou ki te 30 Jiyè 2017. Yo reyini chak 2è ak 4è dimanch, 2nd Floor Room # 203.